Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Alianza Nacional TPS/National TPS Alliance

Yon alyans debaz imigran ki gen Estati Tanporè Pwoteje (Temporary Protected Status, TPS) ki soti nan plis pase 13 nasyon diferan k ap goumen pou jwenn yon chimen pou rezidans pèmanan nan yon peyi ki pa lakay yo.
A group of people at a TPS demonstration in Washington DC

Kote li ye: Los Angeles, California

La National TPS Alliance Se benefisyè ki gen Estati Tanporè Pwoteje ki te fòme epi ap dirije National TPS Alliance ki nan peyi Etazini, yo kole ansanm jefò pou defans onivo nasyonal pou sove TPS pou tout benefisyè a kou tèm epi mete sou pye yon lejislasyon ki kreye yon chimen pou gen rezidans pèmanan alontèm.

National TPS Alliance òganize men nan men pou prezève san patipri, respè ak diyite pou sila ki gen TPS. Lè gouvènman Trump lan te deside pou te desann radikalman pwogram TPS la epi te anile TPS pou yon pakèt santèn milye imigran, pa t gen okenn responsablite pou desizyon sa yo, ki te vin lage fanmi ki gen TPS yo nan yon sitiyasyon ki te lage yo san defans. Epitou pa t gen okenn analiz adekwa sou kondisyon peyi nan lè yo t ap pran desizyon yo ki vin mennen sou anilasyon pou moun ki te ka benefisye TPS. TPS Alliance travay pou chanje sa. Pou fè sa, l ap tounen ak pwoteksyon TPS epi sekirize yon chimen pou tout moun ki gen TPS kapab jwenn rezidans pèmanan. 

Pi gwo enpak travay la se konstwi yon nouvo baz epi grandi atravè jèn yo onivo nasyonal. Kòm pati travay yo, yo te vin ajoute sèt (7) nouvo manm nan komite nasyonal jèn yo, jèn ki kontinye enplike tèt yo epi k ap travay pou elaji komite lokal yo a. Nan mwa mas 2021 an, yo te òganize premye retrèt nasyonal la. Yo te akeyi nouvo jèn, yo te idantifye nouvo priyorite lejislatif epi yo te prezante yon nouvo plan travay.

UUSC kwè li enpòtan pou gen yon patenarya ak National TPS Alliance paske si yo fini ak TPS, sa ap yon menas k ap gen gwo enpak sou lavi santèn milye moun ki nan migrasyon ansanm ak fanmi yo.

Nan lane 2018, National TPS Alliance te gen anpil siksè nan amelyore pwofil sila yo ki te gen TPS. Pou sa li te vwayaje nan 32 eta ak 70 vil nan yon espas 12 semèn nan yon bus ki te rele “Libète a” (Liberty bus an anglè, La Libertad an panyòl). Vwayaj “Journey 4 Justice” (Vwajay pou lajistis an kreyòl) nan la Libertad te gen ladann atelye, mach, vizit lejislatif nan distri yo epi pou mete sou pye lòt komite. Nan lane 2021, òganizasyon an te angaje l pou te pran yon nouvo vwayaj atravè sèt (7) eta nan nan pati sid/nò santral Etazini, epi se Komite Lajenès TPS la k ap pran devan.

Foto: Alianza Nacional TPS/National TPS Alliance

Kreyòl Ayisyen