Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Pacific Island Students Fighting Climate Change (PISFCC)

Yon òganizasyon ki pa travay pou lajan ap sipòte jèn militan sou zile pasifik yo k ap goumen kont enpak sou chajman klimatik yo.
Pacific Island Students Fighting Climate Change

KOTE LI YE: Suva, Fidji

UUSC sipòte kanpay the Pacific Island Students Fighting Climate Change (PISFCC) nan kanpay pou rezoud gwo pwoblèm nan mond lan-chanjman klimatik- International Court of Justice (CIJ). Kanpay PISFCC a fè pwomosyon pou pèp otoktòn yo gen dwa pran desizyon poukont yo pou yo goumen kont pwoblèm klima a k ap fòse yo deplase epi apiye sou sa ki prevwa nan dwa entènasyonal sou defans dwa moun ak jistis. 

Se jèn sou zile Pasifik yo k ap enfòme epi dirije PISFCC, men anpil fwa yo pa tande yo, yo mete yo deyò nan pwosesis entènasyonal yo. Sipò UUSC a ede jèn yo fè tande vwa yo epi pale sou fristrasyon yo fas ak konpòtman ki pa jis yo jwenn kòm moun ki gen pou vin dirijan. Nan dat 29 mas 2023, asanble jeneral nasyon zini an te vote yon rezolisyon pou ankouraje CIJ a bay yon avi ofisyèl sou eta chanjman kimatik la, sou responsabilite nasyon yo nan batay kont chanjman klimatik la epi sou dega ki ka genyen si pa gen yon bon jesyon responsab sou enpak chanjman klimatik la. UUSC ap kontinye sipòte travay PISFCC a ak jèn dirijan yo pou garanti yon avi objektif ak aksyon CIJ a.

Foto : Pacific Island Students Fighting Climate Change

Kreyòl Ayisyen