Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Carrizo/Comecrudo Tribe of South Texas

Yon tribi endijèn nan Sid Tegzas, delta Rio Grande k ap travay pou pwoteje sit sakre yo, ankouraje jistis anviwonmantal epi reziste devan militarizasyon ki nan zòn fwontyè yo.
Carrizo/Comecrudo Tribe of South Texas

Kote li ye: Floresville, Tegzas 

Pandan plizyè lane, Carrizo/Comecrudo Tribe of South Texas (Esto’k Gna) te defann tè yo kont twa (3) menas militarizasyon, vyolasyon ak rasis anviwonmantal. Nan lane 2019, yo te trennen gouvènman Trump la devan lajistis, kanpe an kwa devan jefò gouvènman pou monte yon “mi frontyè” anndan kè yon simityè lokal. Tou denyèman, yo te kanpe tèt pou tèt ak tantativ konpayi yo pou konstwi tèminal ekspòtasyon k ap likefye gaz natirèl (liquified natural gas, LNG) sou tè zansèt yo, epi yo te genyen. 

Patenarya UUSC ofri sipò jeneral pou Tribi a. Sa pèmèt yo kontinye òganize kanpman rezistans sou fwontyè Meksik - Tegzas la pandan y ap bay jefò yo jarèt pou defans pou reziste devan konstriksyon tiyo LNG nan tè natif natal yo. Nan mwa me 2020, pandan kriz kovid-19 la, Tribi a te òganize Carrizo/Comecrudo tribinal vityèl sou dwa moun. Sou yon baz otoktòn, Tribinal la te egzamine pase, prezan ak fiti vyolasyon dwa moun nan Esto’k Gna, se endistri ekstraksyon ak militarizasyon sou fwontyè a ki lakòz vyolasyon sa yo. 

Nan plizyè santèn nominasyon atravè mond lan, Garcia Pasture, ki se yon zòn nan Brownsville ki sakre pou Tribi a, yo te chwazi l pou ajoute nan World Monuments Watch List nan lane 2022. Prim sa a rekonèt siyifikasyon kiltirèl ak istorik tè ansestral Tribi a ansanm ak bezwen kritik pou pwoteje pou yo pa ekstrè tout resous li yo. Epitou, li mete aksan sou bezwen rekonesans fòmèl Tribi a pou yo ka gen dwa legal pou defann tè yo anba enpak kanalizasyon ansanm ak pi petwòl yo.

Atravè jefò defans sa yo melanje ak lòt ankò, nan mwa mas 2021 an, Tribi a te kapab defye plan yo ki se te pou enstale tèminal LNG pou fè dega nan anviwonman an nan tè natif yo ansanm ak nan sit sakre yo. 

Foto: Carrizo/Comecrudo Tribe of South Texas

Kreyòl Ayisyen