Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Louisiana Advocates for Immigrants in Detention (LA-AID)

Se yon òganizasyon benevòl ap dirije, ki pran nesans an otòn 2019, pou reponn popilasyon imigran ki vin pi plis nan sant detansyon ICE la nan Lwizyàn.
Louisiana Advocates for Immigrants in Detention

KOTE LI YE: Lafayette, Lwizyàn

Sòti 2016 pou rive 2019 Lwizyàn, ki te gen yon grenn sant detansyon pou imigran, te vin gen 12. Pifò ladan yo andeyò, yo pa pre kote pi fò popilasyon an ap viv la. Pou kounya a gen 8 sant detansyon nan Lwizyàn epi youn nan Misisipi, tou pre fwontyè Lwizyàn nan. 

Gras ak soutyen UUSC, Louisiana Advocates for Immigrants in Detention (LA-AID) ap fè efò pou kreye gwoup benevòl solid epi dirab ki kapab ede, swa poukont li oswa ak yon lòt gwoup lokal, moun ki an detansyon nan Immigration and Customs Enforcement (ICE). Benevòl yo ap ekri moun ki an detansyon yo, y ap mete kòb sou kont "commissary" (ti boutik prizon an) ki pèmèt yo peye apèl sou telefòn, tenb, manje, atik twalèt epi medikaman yo ka achet san yo pa bezwen preskripsyon; plede pou mande trètman ak swen ki nesesè, bay transpò ak kote pou moun yo domi nan nwit lè yo libere yo nan detansyon an.

LA-AID espere, nan favorize relasyon ant benevòl ak kominote yo ak imigran ICE a mete nan detansyon, y ap kapab sansibilize piblik la kont gaspiyaj, injistis, ak inimanite ki genyen nan sistèm detansyon imigran Ozetazini, sitou nan Lwizyàn. Yo espere tou nan defann dwa a ak nan efò y ap fè pou ede imigran ki nan detansyon yo, y ap ka kreye yon chanjman nan sistèm nan pandan l egziste a pou rann li pi imen epi fasilite pakou imigran yo lè y ap sòti nan detansyon.

Foto : Louisiana Advocates for Immigrants in Detention (LA-AID)

Kreyòl Ayisyen