Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Martynka

Soutni sivivan vyolans seksyèl an Ikrèn.
Martynka

KOTE LI YE: Krakovi, Polòy.

Se yon jèn fanm Ikreynèn k ap viv an Polòy depi plizyè ane ki kreye Martynka ki se yon liy telefonik ki mache 24 sou 24 epi 7 sou 7 ki akonpanye fanm ikrenynèn ke sòlda Ris yo fè sibi vyolans seksyèl oswa an Polòy tou (pa ekzanp moun ki ofri yo lojman).

Òganizasyon sa travay sitou nan : 

  • Prevni trafik moun ;
  • Ede viktim vyolans seksyèl yo jwenn soutyen jiridik ak sikolojik;
  • Bay aksè ak enfòmasyon sou avòtman ak yon grenn yon fanm ka pran yo jou aprè li fè sèks pou anpeche l ansent; epi
  • Bay enfòmasyon sou sante seksyèl, kontrasepsyon (planin) ak enfeksyon moun pran nan fè bagay. 

Nan distribiye papye an koulè nan estasyon tren yo, nan twalèt piblik yo, oswa nan biwo asistans yo, Martynka bay fanm yo enfòmasyon sou sèvis li yo epi li ba yo kèk enfòmasyon pou ede yo evite trafik moun.

Travay Martynka enpòtan anpil pou lavi pou jan vyolans kont fanm ak tifi yo vin pi plis depi ko kòmansman envazyon Larisi a an Ikrèn. 

Foto: Martynka

Kreyòl Ayisyen