Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Mudita

Mudita bay swen pou lavi epi bay moun ki andikape nan Polòy yon sipò sosyal.
Mudita 32

KOTE LI YE: Krakovi, Polòy.

Mudita te fonde nan ane 2019 Mudita li travay ak moun ki andikape (PWDs), ak sa ki gen maladi kwonik, ak fanmi yo oswa ak moun k ap kap bay swen nan Polòy pou ba yo sipò nan pwoblèm administratif, lojistik, resous ak jiridik yo genyen chak jou. An Polòy moun ki andikape yo pa benefisye ase lajan ak sèvis sosyal pou ede yo konbat problèm estigmatizasyon ak izolman. Apre gwo envazyon sa Larisi fè an Ikrèn nan, Mudita fè travay li a plis kote pou l ka bay moun ki andikape yo ak fanmi yo sipò pou yo sove anba gè an Ikrèn nan sitou nan mete sou plas, yon liy asistans telefonik ki pale de (2) lang; nan ede moun jwenn kay ki disponib ak chèz woulant; epi ede yo chèche sant pou yo fè terapi ak doktè ki espesyalis nan reyadaptasyon ak swen sikolojik.

Espas akèy ki nan Vasovi ak nan Krakovi yo la sitou pou moun ki fenk soti an Ikrèn ki rive an Polòy, epi ki bezwen yon lojman ki koresponn ak sa yo bezwen pandan yon ti tan. Apre sa y ap bezwen èd pou yo jwenn yon kay pou yo rete nèt. Mudita pwopoze yon gwoup ki pou bay moun ki nan fanmi andikape yo sipò. 

Travay Mudita a enpòtan anpil pou yon popilasyon kote sistèm sante ak ak sistèm sosyal nan Polòy yo souvan inyore epi rejte. Program sa a ede popilasyon sa entegre l nan kominote lokal la. 

Foto : Mudita

Kreyòl Ayisyen