Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Pacific Climate Warriors

Pacific Climate Warriors (PCW) se yon rezo òganizasyon lokal pou chanjman klimatik ki plis travay sou kominote. Yo reprezante 15 zile nan Pasifik la k ap fè gwo efò pou chanje imaj Pasifik la ke yo wè tankou yon viktim, pou fè yo tounen gadyen ak pwotektè klima a k ap goumen pou jistis klimatik.
Pacific Climate Warriors

KOTE LI YE: Zile Pasifik

The Pacific Climate Warriors (PCW) se yon rezo òganizasyon lokal ki chita sou lafwa, lanmou pou zile yo a ak kilti yo, respè ak nan imilite. Depi katran, PCW ap batay pou jisitis klimatik nan zòn Pasifik la.

Prensipal objektif PCW a se mete popilasyon an ak valè zile yo genyen nan nannan travay klimatik la epi devlope yon platfòm ki ka pèmèt kominote ki sou zile Pasifik yo patisipe nan negosyasyon sou chanjman klimatik la. Yo souliyen enpòtans kont ak istwa nan travay yo ki te nan mitan pwojè « Kato Ni Mana » yo a an 2021 ki vle di « Panye pouvwa ». Kato Ni Mana itilize istwa diferan panye yo konn itilize nan zile Pasifik yo pou fè wè revandikasyon PCW a t ap goumen lè te gen 26 zyèm Konferans Pati yo.

Konvansyon-Kad Nasyonzini sou Chanjman Klimatik (CCNUCC) kapab chaje bagay ladan l. Konplikasyon ki genyen nan pwosesis yo, nan lang ak nan politik yo, rann li pi difisil pou kominote pasifik yo patisipe. PCW a espere rann pwosesis la mwens konplike nan rakonte istwa, pou garanti kominote Pasifik yo gen tout sa yo bezwen pou yo angaje yo ak anpil fòs pou nasyon yo. PCW espere wè yon divèsite nan kèk istwa y ap rakonte nan evenman Konferans Entènasyonal Pati yo (COP) yo ki fèt chak ane. Li espere tou y ap wè figi moun yo ak tande vwa yo, epi pou se yo yo bay anpil atansyon olye se gwo endistri petwòl k ap patisipe yo.

PCW vle kominote sa yo konn istwa yo, pou vwa yo gen fòs epi pou l ba yo mwayen pou fè tande vwa yo nan mitan negosyayson yo. Li swete wè lidè ki gen pouvwa nan Pasifik yo itilize vwa yo pou di laverite pandan y ap pataje istwa ki nan pwojè sa.

Foto : Pacific Climate Warriors

Kreyòl Ayisyen