Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Queer Detainee Empowerment Project

Yo reponn bezwen epi defann dwa kominote imigran LGBTQ+ yo ki nan detansyon.
The QDEP liberation march

KOTE LI YE: Nouyòk, Nouyòk

Queer Detainee Empowerment Project (QDEP) se yon pwojè sipò aprè liberasyon, vizit nan sant detansyon, sèvis dirèk òganizasyon kominotè ki travay ak madona, gason makòmè, miks, trans, ak tout lòt oryantasyon seksyèl yo ansanm ak prizonye imigran ki sewopozitif (LGBTQIA*GNCTS) nan sant detansyon nan moman an ak fanmi yo, sa yo te fenk libere soti nan sant detansyon epi sa ki riske antre nan detansyon pou imigran nan zòn twa eta yo (Nouyòk, Connecticut, New Jersey). 

QDEP angaje l pou l ede imigran yo konstwi yon vi lè yo sòti nan sant detansyon yo, nan elimine baryè ki anpeche yo gen yon bèl vi epi pwoteje fanmi queer yo nan fè egzijans pou yo sispann depòte yo, pou yo pa mete yo nan detansyon, pou tout bagay fèt nan lòd. 

QDEP ap patisipe epi ap dirije kanpay #FreeThemAll la nan regwoupman Nouyòk/New Jersey AbolishICE pou mande liberasyon tout imigran ki nan sant detansyon, aboli Sèvis Imigrasyon ak Ladwàn nan (ICE), sistèm prizon an ak tout sistèm penitansyè a an jeneral. Moun k ap patisipe yo gen ase konpetans pou yo dirije ransanbleman, kanpay, atelye elatriye. Pou kounya a, patisipan ki diplome yo toujou angaje yo nan pwogram òganizasyon kominotè QDEP a, y ap dirije travay kanpay yo epi y ap pran desizyon pou òganizasyon an. Patisipan yo te travay epi yo te mennen yon pakèt aksyon ak kanpay dirèk kote yo jwe plizyè wòl.

QDEP ak UUSC nan yon patenarya ki la depi 2017. Sipò UUSC a ede yo kontinye rete yon eleman enpòtan nan mouvman pou jistis pou imigran epi l pote anpil kritik nan deba sou tretman imigran trans yo ak sa ki gen lòt oryantasyon seksyèl yo ki pa bon nan sant detansyon yo, epi l tou fè yon ouvèti kote dwa imigran yo defini « fanmi».

Foto : UUSC

Kreyòl Ayisyen