Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Loss and Damage Collaboration (LDC)

Yon gwoup moun ki konsène k ap travay ansanm pou asire peyi ki ap devlope yo, ak moun yo ak kominote ki anndan yo an, gen sipò yo bezwen pou adrese pèt ak domaj ki gen rapò ak chanjman klimatik.
Loss and Damage Collaboration

KOTE LI YE: Lond, Angletè

The Loss and Damage Collaboration (LDC) se yon gwoup pratikan, chèchè, aktivis, ak moun k ap pran desizyon ki soti nan Nò ak Sid mondyal k ap travay ansanm pou asire kominote nan nasyon k ap devlope yo gen aksè ak resous pou bese enpak pèt ak domaj ki gen rapò ak klima a. Kowalisyon Jèn pou Pèt ak Dega yo (LDYC, Loss and Damage Youth Coalition ann anglè) te reyini nan sezon lete 2020 lè jèn aktivis klimatik atravè mond lan te santi te gen yon nesesite pou ogmante aksyon sou pèt ak domaj klima a te koze a epi bay espas pou aksyon jèn yo, angajman ak lidèchip klimatik. Objektif yo se bati yon patenarya jèn mondyal pou mennen aksyon sou kijan pou abòde pèt ak domaj chanjman klimatik la koze yo.

Jan Enstiti pou Anviwònman ak Devlopman Entènasyonal la(“Institute for International Environment and Development” ann anglè) defini l, “nou pale de pèt se lè gen yon bagay ki pèdi pou tout tan epi yo pa pa kapab rekonstitiye l ankò, tankou lavi moun oswa pèt espès, alòske lè yo pale de domaj, se lè yon bagay sibi domaj, men yo ka repare l oswa retabli l, tankou wout oswa ranblè. 

Patenarya UUSC ak LDC ak LDYC sipòte kowòdinasyon ak depans kominikasyon pou travay yo sou defans pèt ak domaj, fòmasyon, ak narasyon. LDC planifye pou travay ak gouvènman peyi rich yo, fè fòmasyon pou jèn atravè mond lan, epi kreye istwa dijital ki montre kijan chanjman klimatik afekte jèn yo.

LDYC espere ogmante konsyantizasyon ak kondi aksyon pou adrese pèt ak domaj sou yon echèl mondyal. Alontèm, yo espere travay yo an pral ede kreye yon mond kote moun ak kominote chanjman klimatik afekte yo kapab viv ak diyite ak detèminasyon nan enpak klima a. Yo espere enfliyanse nasyon devlope yo pou yo kanalize resous sibstansyèl nan peyi devlope ak kominote klima a afekte yo pou yo ka adrese pèt ak domaj. Lè w mete finansman sa a, ansanm ak yon konsyans apwofondi ak konsantre sou kijan pou abòde pèt ak domaj, pral afekte sikonstans materyèl plizyè milyon moun k ap viv nan povrete. 

Foto: Loss and Damage Collaboration / David Andrako pou Global Citizen

Kreyòl Ayisyen