Defi Enjistis, Avanse Dwa Moun

Komite Sèvis Inivèsèl Inivèsèl la fè avanse dwa moun atravè kolaborasyon de baz yo.

← Initiatives

Loss and Damage Youth Coalition

se yon regwoupman ki gen 300 jèn ki reprezante plis pase 40 òganizasyon peyi Sid yo ak peyi Nò yo k ap travay pou lite kont katastwòf kriz klimatik la koze.
Loss and Damage Youth Coalition

KOTE LI YE: Lond, Angletè

The (LDYC, Loss and Damage Youth Coalition ann anglè) te fòme apre 25th Conference of Parties (COP) (25yèm Konferans Pati yo) pou te pote repons ak mank lidèchip ak angajman jèn yo nan sou kesyon ki gen rapò ak jistis klimatik, sitou nan zafè finansman pèt yo ak domaj yo.Depi lè sa a, y ap fè efò pou mete plis limyè sou dosye inegalite nan zafè pèt ak domaj ki gen rapò ak katastwòf klimatik. 

Vizyon LDYC la se pou gen yon mond kote yo trete pèt ak domaj yo yon fason ki ekitab ; yon sitiyasyon kote peyi devlope yo pran responsablite yo pou pote gwo kontribisyon nan kriz klimatik la, nan fason y ap trete pèt ak domaj yo kòm si te gen ijans.Regwoupman an vize yon mond kote yo onore dwa pou jenerasyon k ap vini yo jwenn yon klima estab epi ki asire.

LDYC a prevwa reyalize vizyon sa a gras ak misyon l ap mete sou pye pou l konstwi patenarya mondyal jenès la, pou mennen aksyon ki kapab pote solisyon pou pèt yo ak domaj yo. Objektif LDYC yo se:

  • Plede pou kreyasyon nouvo sous finansman ki adapte pou fè fas ak pet yo ak domaj yo;
  • Ranfòse kapasite jenès mondyal la genyen pou konprann epi aji pou jere problèm pèt yo ak domaj yo; epi
  • Ankouraje patisipasyon dirab jèn yo nan desizyon y ap pran nan zafè pèt yo ak domaj yo nan nivo nasyonal ak entènasyonal.

UUSC a kontan pou angajman regwoupman an pran pou defann enterè kominote k ap viv pi pre kriz klimatik yo. UUSC a soutni objektif regwoupman an ki vize pwoteksyon kominote yo kont katastwòf klimatik yo epi yo ede rekonstwi. 

Foto : Loss and Damage Youth Coalition

Kreyòl Ayisyen